lundi 21 février 2011

MWEN BOUKE TANDE MOUN KAP PALE TENTEN YO

 Mwen rele blog sa ti chèz ba, se paske tout sak bezwen pale se icit la mwen vinn pale yo. si nou remaké depi kèk ane map fè anpil efò poum ka leve figi kelke swadizan aktè, pwodiktè, komedyen, aktris, atis se paske mwen konn sak rele onè yon bagay ke nou pa jwen fasil nan mitan ayisyen parey nou yo. Mwen toujou oganize yon seremoni ki rele gala atis d'or. Gala sa fèt nan yon sel objektif se pou nou ka ankouraje moun kap fè efò. paske granmoun lontan te toujou di se bat men ki ankouraje chen.
Epi  tou yon lot kote gen yon ekip pa itil ki ranje kò yo ap kritike tout moun kap efò. Nan lakou New york gen Frantz design kap fè tout sal kapab pou li ka rekonpanse moun kap fè efò nan sa nou rele cinema Ayisyen an. Gen yon ti minorite zwuit ki chita sou wòzet yo ki pap regle anyen epi yo konpran yo ka di moun kijan pou yo oganize yon award. Siw bezwen bay opinyon w lè konsa se pou al mache chèche sponsò, pran lari a nan mitan fredi a pou ka konpran kijan nou fè pou nou ka òganize. Mwen ap pwofite tou poum di tout sak pa konpran sa map fè yo epi ki chita sou bouda yo yap kritike lè nou jwen yon invitason se pou nou ret lakay nou paske mwen pa fòse pesonn vini nan gala. Mwen gen preske 10 zan depi map fe aktivite atistik chanté, jwe teyat, animé, fè fim yon nan Canada se yon sel moun ki te banm yon bout trofe en 2009 sete Frantz Design nan Award li NY. Mwen dil mèsi paske li fe nou santi ke nou se aktè mem si nou pa jwen sa pou nou ta jwen vreman li fè sal te kapab. Mwen pa konn si misye konn vòlò nan NY pou l ka fè tout moun sa yo vwayaje vini nan Award mwen  mem pa gen anyen kap fem al vòlò poum ka satisfè lè ingra paske anpil ayisyen se ingra yo ye yo pa konn lè moun ap fè yo monte sou tapi rouj. Map repete sa ankò byen fò si yon moun  gen yon bagay poul di se pou relem nan telefon oubyen voye yon email ban mwen pou m ka  metew chita poum pale ak tout lwa ki nan tèt ou. Lè nou bezwen Gala tankou Ameriken se pou nou komanse fe movie tankou ameriken sispan fè aktè jwe gratis le konsa nap ka komanse fè bon Award. Nou chita ap fè ti salopri nou poukisa nou pa mete tèt nou ansanm pito pou nou ka voye kominote nou an monte, bann ipokrit, mal palan, san konsyans se akoz nou ki fè Ayiti ap toujou ret jan li ye-a wi nou pa janm ede lot kap fè efò avanse. Epi le yon moun di nou li pap fè anyen nan kominote nou an,... nou pito di konsa se paske moun lan frekan li komanse sou moun... Poukisa nou pa pran micro pou nou di Fabienne Cola tout sa nou panse de festival li a.. paske nou konen si nou pale mal de li ... li ka bloke nou tout kote. Se li kap fè lot nasyon gade fim nou yo se sak fe nap mache ajenou deye li tankou ti sousou poul ka mete nou nan festival. Bon mwen kwè ke mwen finn pale map kite plas pou moun ki vle mete komantè yo paske m konnen nou gen pou nou di map tann nou sou 2 pye fèm sak pa kontan bwe pwazon bann Babilonn. Bay lot moun yon chans pou yo ka vanse.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire